Search Patient Education Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kisa ki nemoni an?

Nemoni an se yon enfeksyon grav nan poumon yo. 1 oswa tou de poumon yo ka touche. Anpil ka nemoni se bakteri oubyen viris ki lakoz yo. Chanpinyon yo ka lakoz yon nemoni tou, men sa pa fèt souvan.

Ou ka fè nemoni aprè yon maladi, tankou yon rim, yon grip, oubyen yon bwonchit. Moun ki pi riske fè nemoni yo se tibebe yo, ti granmoun yo, moun ki fimen yo, ak moun ki gen pwoblèm sante alontèm (kwonik) yo oubyen ki gen sistèm iminitè yo ki fèb.

Bwonchyòl epi sak alveyolè avèk rim ki fe yon pil ak enflamasyon akoz yon nemoni.

Poumon ki an sante

  • Lè a antre epi soti nan poumon yo gras ak tib yo bay nom vwa respiratwa yo.

  • Tib yo divize an pasaj ki pi piti yo rele bwonchyòl. Ou jwenn nan pwent sa yo ti sak ke yo rele alveyòl.

  • Veso sangen ki antoure alveyòl yo absòbe oksijèn ki nan sikilasyon san an. Anmenm tan an, alveyòl yo elimine dyoksid kabòn nan (on vye gaz) ki sot nan san an. Aprè sa dyoksid kabòn nan espire.

Lè w genyen yon nemoni

  • Nemoni an fè bwonchyòl ak alveyòl yo plen ak twòp larim epi li fè yo anfle.

  • Kò w ka reponn ak petèt yon tous. Sa ka ede elimine likid la.

  • Likid la (larim) ou krache a ka parèt vèt oubyen jòn fonse.

  • Larim anplis la ka fè souf ou kout.

  • Enflamasyon ak enfeksyon an ka ba w lafyèv.

Kisa sentom yo ye?

Sentom nemoni yo ka vini san avèti. Nan kòmansman, ou ka petèt panse w gen yon rim oubyen yon grip. Men sentom yo ka vin grav byen rapid, epi transfòme an nemoni. Sentom yo ka diferan pou nemoni bakteryen ak viral la. Yo ka pa grav oubyen yo ka grav. Sentom kouran yo ka gen ladan yo:

  • Gwo tous avèk larim vèt oubyen jòn ki pa amelyore, oubyen ki vin pi grav

  • Lafyèv ak frison

  • Lestomak chaje (anvi vomi), vomisman oubyen dyare

  • Pèt apeti

  • Souf kout avèk aktivite nòmal chak jou yo

  • Rit kadyak ki ogmante

  • Doulè nan pwatrin lè w ap rale souf ou oubyen lè w ap touse

  • Tèt fè mal

  • Anpil swe epi po mwat

  • Gwo fatig

© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.