Tchèkòp pou tibebe: Tibebe ki fenk fèt
Premye tchèkòp bebe w la ka fèt nan 1 semèn apre l fin fèt la. Nan vizit sa, founisè swen sante a ap egzamine tibebe w la. Y ap poze w kesyon sou premye jou li yo lakay la. Papye sa dekri kèk nan sa w ka atann yo.
Jonis
Pifò tibebe gen po yo ak pati blan nan je yo ki jón (jonis) nan premye semèn lavi yo. Founisè bebe w la ap konseye w si l ap bezwen verifye nivo biliribin bebe w la. Y ap tou di w si tibebe w la bezwen yon swivi medikal. Oswa si l bezwen tretman avèk fototerapi..
Devlopman ak etap enpòtan
Founisè swen an ap poze kesyon sou ti bebe ou a. Y ap obsève tibebe w la pou yo ka gen yon ide sou devlopman l. Pandan vizit sa, timoun ou an ka fè kèk nan sa yo:
-
Bat je l nan yon limyè ki klere anpil
-
Eseye leve tèt li
-
Sekwe ak vire kò l (chak men ak janm yo dwe bouje menm kantite fwa men si tibebe a plis itilize yon sèl bò, di founisè swen sante a sa)
-
Pantan lè l tande yon gwo bri
Konsèy alimantè

Li nòmal pou yon tibebe pèdi 10% nan pwa l te fèt la pandan premye semèn nan. Jeneralman, li reprann menm pwa sa ankò nan anviwon 2 semèn. Si w enkyè pou pwa tibebe w la, di founisè a sa. Pou w ede timoun ou an byen manje, suiv konsèy sa yo:
-
Alètman pandan omwen 6 premye mwa yo.
-
Pa bay tibebe a dlo sof si founisè l la rekòmande l sa.
-
Ba l tete omwen chak 2 a 3 è pandan jounen an. Ou ka bezwen leve tibebe w la pou w ba l tete nan tan sa yo.
-
Ba l tete chak 3 a 4 è lannuit. Anvan, leve ti bebe a pou li manje si sa nesesè. Depi l fin reprann pwa lè l te fin fèt la, ou ka chwazi kite l dòmi jiskaske l santi l grangou. Diskite sa ak founisè tibebe w la.
-
Mande founisè a si ti bebe w la dwe pran vitamin D.
Si w ap ba li tete
-
Depi w gen lèt, ou dwe santi tete w plen anvan w nouri li epi ou ap santi l mou ak degonfle aprè w fin ba l tete. Sa vle di bebe w la manje ase.
-
Jeneralman, seyans bay tete a pran 15 a 20 minit. Si w ap bay tibebe a lèt manman nan bibwon, ba li 1 a 3 ons nan chak peryòd sa yo.
-
Tibebe ki ap tete yo ka vle manje pi souvan pase chak 2 a 3 è. Li NÒMAL pou w bay tibebe w la tete pi souvan si l sanble grangou. Si w enkyè konsènan jan tibebe w la pran tete a oubyen sou fason li ap pran pwa, pale sa ak founisè a.
-
Sa ka pran ti tan pou w alèz ak bay tete a. Okòmansman ou ka pa konfòtab. Si w gen kesyon oubyen w bezwen èd, yon konsiltan nan laktasyon ka ba w konsèy.
Si w ap itilize yon lèt an poud
-
Itilize youn ki fèt pou timoun sèlman. Si w bezwen èd pou w chwazi youn, mande founisè a pou l ba w yon rekòmandasyon. Lèt bèf regilye pa yon manje apwopriye pou ti bebe.
-
Bay tibebe a anviwon 1 a 3 ons lèt an poud nan chak peryòd sa yo.
Konsèy pou ijyèn
-
Gen kèk tibebe ki twalèt chak lè yo fin bwè lèt. Gen lòt ki fè sa mwen souvan. Tou de ka sa yo nòmal. Ou dwe chanje daypè ti bebe a chak fwa li mouye oubyen sal
-
Li nòmal pou twalèt ti bebe a jón, likid, epi l sanble l gen kèk ti grenn ladan l. Koulè a ka soti nan jón moutad ale nan jón pal pou rive vèt. Si li gen yon lòt koulè, di founisè swen an sa.
-
Yon ti gason ta dwe pipi fò lè l ap pipi. Si ti gason w lan pa konsa, di founisè swen an sa.
-
Benyen ti bebe w la ak eponj jiskaske kòdon onbilikal la tonbe. Si w gen kesyon sou kijan pou w pran swen kòdon onbilikal la, poze founisè swen ti bebe w la kesyon yo.
-
Suiv konsèy founisè swen sante a ba ou sou kijan pou w pran swen kòd lonbrit la. Swen sa ka tankou:
-
Si kòdon onbilikal la gen pij oubyen si li wouj rele founisè swen an.
-
Aprè kòdon an fin tonbe, benyen ti bebe w la kèk fwa pa semèn. Ou ka benyen l pi souvan si ti bebe w la sanble renmen sa. Men kòm ou netwaye ti bebe a lè w chanje daypè li, benyen l souvan chak jou pa nesesè.
-
Li pa pwoblèm pou w itilize krèm lejè oubyen losyon sou po ti bebe a. Pa mete losyon sou men ti bebe a.
Konsèy pou somèy
Jeneralman, tibebe yo dòmi pandan anviwon 18 a 20 è chak jou. Pou w ede ti bebe w la dòmi an sekirite, dòmi byen ak pou evite SIDs (sendwom lanmò sibit lakay ti bebe):
-
Mete tibebe a dòmi sou do pou jiskaske li gen 1 an. Sa ka diminye risk SIDS yo, aspirasyon ak etoufman. Pa janm mete bebe a sou kote ni sou vant pou l dòmi oswa pou l fè syès. Lè tibebe a reveye, kite l pase tan l vle sou vant li toutotan gen moun k ap siveye l. Sa ap ede vant timoun nan ak misk kou li yo vin fèm. Sa a ap ede pou tèt la pa plati twòp tou. Sa ka rive lè tibebe yo pase twòp tan sou do yo.
-
Bay ti bebe a yon souson pou l dòmi oubyen lè l ap fè syès. Si timoun nan, nan tete, pa ba li souson toutotan li pa fin byen abitye ak tete a. Bay tete a asosye ak rediksyon risk pou tibebe a fè SIDS.
-
Itilize yon matla ki fèm (ki kouvri ak yon dra sere) pou evite matla a fè fon ak arebò bèso a, kote pou l jwe a, oubyen kivèt li ap benyen. Sa ka diminye risk pou li pa fè SIDS, sifoke, ak pran nan pyèj.
-
Pa mete zòrye, gwo dra, oubyen ti nounous nan bèso a. Sa yo ka toufe ti bebe a.
-
Byen kouvri ti bebe a (byen pase yon dra sou li) ka fè ti bebe a vin twò cho. Pa kite ti bebe w la vin two cho.
-
Pa mete ti bebe w la sou twal oubyen sou chèz pou l dòmi. Mete timoun nan dòmi sou kanape oubyen sou chèz mete ti bebe a nan gwo risk pou l mouri, tankou pou li fè SIDS.
-
Pa itilize chèz bebe a, syèj, ak balansin bebe a pou l dòmi oubyen pou l fè syès. Sa yo ka lakoz vwa respiratwa l bouche oubyen li sifoke.
-
Pa dòmi sou menm kabann ak ti bebe ou a. Li pa an sekirite.
-
Akademi Pedyatik Ameriken an (AAP) rekòmande pou ti bebe a dòmi nan menm chanm ak paran yo, tou pre kabann paran yo, men nan kabann separe oubyen nan bèso apwopriye pou ti bebe yo. Yo rekòmande aranjman sa pou premye ane ti bebe a, men li dwe dire omwen premye 6 mwa li yo.
-
Ou dwe toujou mete bèso a, kivèt ak kote pou ti bebe a jwe yo yon kote ki lib, ki pa gen kòd, fil oubyen ak fenèt ki kouvri pou ede w diminye risk pou ti bebe a trangle.
-
Pa itilize monitè kadyorespiratwa yo ni lòt aparèy komèsyal—kabann pozisyónman yo, pozisyonè yo oswa matla espesyal yo—pou ede w diminye risk SIDS ak lanmò ki gen rapò ak jan timoun nan dòmi a. Aparèy sa yo pa montre yo ka anpeche SIDS vrèman. Nan kèk ka ra, yo konn lakoz lanmò ti bebe a.
-
Diskite sa ak lòt pwoblèm sante ak sekirite ak founisè swen ti bebe w la.
Konsèy pou sekirite
-
Pou w evite ti bebe w la boule, pa pote ni bwè bwason cho tankou kafe touprè ti bebe a. Mete chofaj dlo nan kay la nan yon tanperati 120 °F (49 °C) oubyen mete l pi ba.
-
Pa fimen oubyen kite lòt moun fimen pre ti bebe a. Si ou menm oubyen lòt manm nan fanmi an fimen, fimen deyò epi pa janm fimen pre ti bebe a.
-
Sa pa yon pwoblèm pou w mennen yon ti bebe deyò kay la. Men ou dwe rete lwen kote ki konfine, foul moun kote ke jèm mikwòb ka pwopaje. Ou ka envite moun lakay ou pou yo vin wè ti bebe a, toutotan yo pa malad.
-
Lè w ap sòti deyò ak tibebe a, pa rete twòp nan solèy la avè l. Kite ti bebe a kouvri oubyen chache lonbray ak li.
-
Lè w nan manchin, toujou mete tibebe w la nan yon chèz machin pou timoun ki gen fas li vire sou dèyè. Li sipoze an sekirite nan chèz dèyè a, selon enfòmasyon ki nan chèz machin nan. Pa janm kite ti bebe a nan machin nan poukont li.
-
Pa kite ti bebe w la sou yon sifas ki wo, tankou tab, kabann, oubyen kanape. Li ka tonbe epi li ka blese.
-
Li ka pwobab pou gran frè ak sè li yo vle kenbe l, jwe ak li, ak aprann konnen l. Se pa yon pwoblèm toutotan gen yon granmoun ki ap veye yo.
-
Rele founisè swen an imedyatman si ti bebe ou a gen yon lafyèv (gade pati ki pale de lafyèv ak ti bebe yo anba a)
Lafyèv ak timoun
Itilize yon tèmomèt dijital pou w tcheke tanperati timoun ou an. Pa itilize yon tèmomèt a mèki. Gen anpil tèmomèt dijital ak plizyè fason pou itilize yo. Yo gen ladan yo:
-
Tèmomèt pou Dèyè Pou timoun ki gen mwen pase 3 lane, pran tanperati nan dèyè l pi efikas.
-
Fwon (tanporal). Sa ap mache pou timoun ki gen 3 mwa oubyen timoun ki pi gran. Si yon ti bebe pi piti pase 3 mwa gen siy maladi, yo ka itilize tèmomèt sa kòm premye aparèy pou pran tanperati l. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.
-
Zòrèy (tenpan). Tanperati nan zòrèy la efikas aprè l fin gen 6 mwa, men anvan sa li pa efikas.
-
Anbabra (aksilè). Sa mwens fyab men yo ka itilize l pou premye chache siy maladi kay timoun nenpòt laj. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.
-
Bouch (oral). Pa itilize tèmomèt nan bouch ti moun ou an jiskaske li gen omwen 4 làne.
Itilize tèmomèt nan dèyè a ak prekosyon. Suiv enfòmasyon fabrikan pwodui a bay la pou w ka byen itilize l. Mete l nan dèyè ti bebe a dousman. Mete etikèt sou li epi asire w pa itilize l nan bouch li. Li ka gen jèm twalèt ki rete sou li. Si w pa alèz pou w itilize tèmomèt nan dèyè a, mande founisè swen sante a ki tip ou ka itilize nan plas li. Lè w ap pale ak nenpòt founisè swen sante sou lafyèv pitit ou a, di yo ki kalite w te itilize.
Si pitit ou a gen lafyèv, w ap jwenn kilè pou w rele founisè swen sante w la anba. Founisè swen sante pitit ou a ka ba w diferan nimewo. Swiv konsiy yo.
Kilè pou w rele founisè swen sante a pou lafyèv pitit ou a
Pou yon ti bebe ki gen pi piti pase 3 mwa:
-
Anvan, mande founisè swen timoun ou an kijan w ta dwe pran tanperati ti bebe a.
-
Nan dèyè oswa nan fwon: 100,4°F (38°C) oswa pi wo
-
Anba bra: 99°F (37,2°C) oswa pi wo
-
Yon fyèv ki gen ___________selon konsèy founisè ou a
Pou yon timoun ki gen 3 rive 36 mwa (3 lane):
-
Nan dèyè oswa nan fwon: 102°F (38.9°sèlsiyis) oswa pi wo
-
Zòrèy (sèlman pou timoun ki gen plis pase 6 mwa): 102°F (38,9°C) oswa pi wo
-
Yon fyèv ki gen ___________ selon konsèy founisè ou a
Nan ka sa yo:
-
Tanperati anba bra a 103 °F (39,4°C) oswa pi wo lakay yon timoun nenpòt laj
-
Tanperati a 104 °F (40°C) oswa pi wo lakay yon timoun nenpòt laj
-
Yon fyèv ki gen ___________ selon konsèy founisè ou a
Vaksen
Daprè rekòmandasyon CDC yo, tibebe w la ka pran vaksen pou epatit B si l pa t pran l deja nan lopital la aprè l te fin fèt la. Tibebe w la ka pran yon vaksen ki gen antikò monoklonal pou Viris Respiratwa Sensisyal (RSV). Yo rele sa nisevimab. Mande founisè tibebe w la ki vaksen ki konseye pou vizit sa.
Fatig paran yo
Pran swen yon ti bebe ka fatigan fizikman ak emosyonèlman. Pou kounya, ou ka santi ou pa gen tan pou w fè okenn lòt bagay. Men byen pran swen tèt ou ap ede w pran swen tibebe w la tou. Men kèk ti konsèy:
-
Pran poz. Lè ti bebe w la ap dòmi, pran yon ti tan pou ou. Kouche pou w fè syès oubyen leve pye w pou w repoze w. Konnen kilè pou w pa resevwa vizitè. Toutotan w poko santi w repoze, inyore dezòd ki nan kay la ak bliye sa ki pa esansyèl yo. Bay tèt ou tan pou w antre nan wòl ou kòm nouvo paran.
-
Byen manje. Bon nitrisyon ap ba w enèji. Epi si w fèk akouche, byen manje ap ede kò w retabli vit. Eseye manje anpil fwi, legim, grenn, ak sous pwoteyin. Rete lwen manje ki konsève yo, "pwodui chimik". Epi ou dwe limite kafeyin, espesyalman si w ap bay bebe a tete. Bwè anpil dlo pou w rete idrate.
-
Asepte pran èd. Pran swen yon nouvo bebe ka akablan. Pa pè mande lòt moun èd yo. Pèmèt fanmi ak zanmi w yo ede w a travay nan kay la, fè manje, lave, konsa ou ak patnè w la ap jwenn tan pou n kreye lyen ak nouvo bebe nou an. Si w bezwen plis èd, pale ak founisè swen an pou mande l lòt opsyon.
Pwochen bilan an a:_______________________________
MESAJ PARAN YO: