COPD: Fè fas avèk Fatig
Li kouran pou w santi w fatige lè w gen COPD. Pandan aktivite fizik, nivo enèji w ka fèb. Yo rele sa fatig.
Kijan COPD lakòz fatig?
Maladi pilmonè obstriktif kwonik (COPD pou sig li ann Anglè) se yon pwoblèm sante ki anpeche poumon fonksyone jan yo dwe fonksyone. Travay poumon yo se founi oksijèn nan kò a. Oksijèn se yon gaz enpòtan kò w bezwen pou l fonksyone kòrèkteman. Lè ou respire a nan gen oksijèn nan li. Anndan poumon yo, lè a travèse nan tib ki rele vwa respiratwa. Nan vwa respiratwa an sante, lè a deplase antre soti fasilman. Avèk COPD, poumon ak vwa respiratwa yo andomaje. Lè poumon yo andomaje, plis travay nesesè pou fè lè antre nan poumon yo. Move sikilasyon siyifi kò pa ka resevwa oksijèn li bezwen an. Ou ka gen pi gwo nivo gaz kabonik tou. Gaz kabonik se yon pwodui dechè respirasyon. COPD lakòz tou anflamasyon nan poumon yo. Bagay sa yo ka lakòz fatig tou.
Avèk COPD, domaj nan poumon yo anjeneral soti nan respire iritan pandan yon peryòd tan long. Iritan prensipal ki lakòz COPD se lafimen sigarèt. Lòt iritan yo se polisyon, pousyè, vapè, ak pwodui chimik.
Tretman pou fatig
Alesepsyon yon transplantasyon nan poumon, COPD pa gen gerizon. Men sèten tretman ka soulaje sentòm yo, tèlke fatig. Tretman sa yo gen ladan:
-
Bwonkodilatatè. Medikaman sa yo ede louvri vwa respiratwa yo pou ede w respire pi fasilman.
-
Medikaman konbinezon. Sa yo gen ladan yon bwonkodilatatè ak yon stewoyid. Bwonkodilatatè yo louvri vwa respiratwa yo pou ede rann respirasyon an pi fasil. Stewoyid ede soulaje anflamasyon nan poumon yo
-
Antibyotik. Yon enfeksyon respiratwa ka fè sentòm COPD yo vin pi mal. Antibyotik yo se medikaman ki ede trete enfeksyon.
-
Reyadaptasyon pilmonè (rehab). Pwogram sa a anseye fason pou soulaje sentòm COPD yo. Li gen nan li konsèy sou egzèsis, posti kòrèk, kijan pou konsève enèji, epi manje an sante pou amelyore respirasyon.
-
Terapi oksijèn. Lè nivo oksijèn nan san w twò ba, founisè swen sante w ka preskri w oksijèn. Oksijèn ka ede w santi w pi byen epi gen plis aktivite. Ou ka sèvi ak oksijèn siplemantè tout tan. Oswa ou ka bezwen li sèlman pandan kèk aktivite, tèlke egzèsis. Sèvi ak li jan founisè swen w konseye.
-
Operasyon. Ou ka bezwen operasyon pou sentòm grav lè lòt tretman yo pa te ede w. Operasyon an retire pati ki pi andomaje nan poumon yo.
Founisè swen sante w la pral travay avèk ou pou deside sou pi bon plan tretman an pou ou.
Konsèy pou swen pèsonèl pou fè fas ak fatig

Gen bagay ou ka fè pou jere fatig ou epi gen plis enèji:
-
Fè ekilib ant aktivite ak repo. Sa ka ede anpeche w fatige twòp. Sispann epi repoze anvan w santi w bouke. Si yon aktivite mande anpil enèji, divize l an pati. Pa egzanp, pliye lesiv. Apresa, repoze w anvan w ranje yo.
-
Ekonomize enèji w. Fason ou sèvi ak kò w pandan yon travay ka ede w gen plis enèji. Fè aktivite yo dousman. Lè w prese nan aktivite yo, sa itilize plis enèji. Li ka ogmante souf kout tou. Chita pou w abiye ak pou fè lòt travay chak jou yo, tèlke bwose dan w. Sèvi ak yon charyo ak wou pou deplase manje, lesiv, ak lòt bagay ozalantou kay ou. Kenbe bagay ou itilize souvan yo nan nivo tay ou pou w ka atenn yo fasilman. Fè bagay ki pi enpòtan yo lè w gen plis enèji. Mande fanmi ak zanmi èd pou travay difisil yo.
-
Manje byen. Lè w fatige, ou gendwa pa manje byen jan w ta dwe manje. Move nitrisyon ka fè sentòm yo vin pi mal. Li ka ogmante risk pou enfeksyon tou. Eseye repoze anvan w manje. Manje pi piti repa pandan tout jounen an. Mande founisè swen sante w si w dwe pran vitamin oswa sipleman.
-
Rete nan yon pwa ki bon pou sante. Lè w manke pwa sa ka limite enèji w. Lè ou twò gwo ka fè souf kout lan pi mal. Travay ak founisè swen sante w a pou detèmine pwa ki pi bon pou ou a.
-
Ou pa bezwen pè fè egzèsis. Egzèsis ka fè w gen souf kout. Men, fè egzèsis ka rann misk respirasyon pi fò. Li kapab ba w plis enèji tou. Li ede amelyore tanperaman w tou epi jere estrès. Mache se yon bon fason pou fè oksijèn sikile nan kò a. Mande founisè swen sante w enfòmasyon sou egzèsis ki san danje pou ou.
-
Fè egzèsis respirasyon. Aprann kijan pou fè respire nan vant ak respirasyon ak po bouch pwenti. Fè egzèsis sa yo pandan w ap travay. Yo ka ede w respire pi byen. Lèw fè repirasyon lan pwofon, pwofon nenpòt lè, sa kapab ba w plis oksijèn ou bezwen.
Men plis fason pou redui sentòm COPD lakòz:
-
Kite fimen. Fimen sigarèt se kòz prensipal COPD. Sispann fimen se dispozisyon ki pi enpòtan ou ka pran pou trete COPD. Si w bezwen èd pou w sispann fimen, pale avèk founisè swen sante w.
-
Rete lwen lafimen moun k ap fimen ansanm ak lòt iritan yo. Eseye rete lwen lafimen, pwodui chimik, vapè, ak pousyè. Pa kite pèsonn fimen lakay ou oswa bò kote w. Rete andedan kay jou ki genyen gwo polisyon nan lè a.
-
Anpeche enfeksyon poumon. Pran vaksen founisè swen w konseye. Si w gen COPD sa ogmante risk ou pou grip ak nemoni. Sa ka fè sentòm ou yo vin pi mal. Mande founisè swen sante w enfòmasyon sou vaksen kont grip ak nemoni. Pran dispozisyon pou evite rim ak lòt enfeksyon poumon. Rete lwen foul moun yo pandan sezon rim ak grip. Epitou, eseye rete lwen moun ki malad.
-
Adopte lavaj men kòrèk. Lave men w souvan avèk savon ak dlo pwòp k ap koule pandan omwen 20 segonn. Itilize dezenfektan pou men ki gen omwen 60% alkòl lè w pa ka lave men w.
Kilè pou w rele founisè swen sante w
Rele founisè swen sante w touswit si ou gen nenpòt nan pwoblèm sa yo:
-
Lafyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen sante w endike
-
Sentòm ki pa amelyore, oswa ki pa vin pi mal
-
Nouvo sentòm
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.