Redui estrès pou sante kadyovaskilè
Ou ka diminye risk pou w fè maladi kè lè w redui estrès ou. Moun fè fas ak estrès nan plizyè fason. Kèk moun ka manje manje ki pa bon pou lasante, yo ka manje twòp, yo ka fimen, oswa yo ka bwè alkòl. Men tout bagay sa yo ka ogmante risk ki genyen sou sante kè yo. Estrès tou ka lakoz ogmantasyon akoutèm presyon nan san an ak batman kè a.
Pwochèn fwa ou santi w estrese, gade pou w wè sa k ap deranje w la. Èske se yon ti pwoblèm ou ka pase sou li? Si se yon gwo pwoblèm, ou ka pale sa ak fanmiw oswa zanmi w, oswa yon konseye oswa yon terapet. Rete pre moun ki sipòte w nan lavi w. Yo ka ede w simonte epi jere estrès lavi a.

Aprann kijan pou w detann ou
Pou diminye estrès, detann ou chak jou. Men kèk ide:
-
Bay tèt ou yon tan chak jou pou w li yon liv, koute mizik, gade solèy la k ap kouche, oswa fè nenpòt bagay ki fè w santi w kalm epi an pè.
-
Fè kalite egzèsis ou pi renmen yo kòm yon bon mwayen pou w libere tansyon.
-
Pratike jesyon tan. Sa a vle di bay tèt ou ase tan pou w fè sa w gen pou w fè yo.
-
Kontinye renmen bay blag. Si ou ka ri tèt ou ak bagay ki rive chak jou yo, ou ap rete pi kontan epi pi an sante.
-
Eseye respire pwofon oswa fè meditasyon. Anpil bibliyotèk ak libreri gen dosye odyo oswa CD ki ka ede w detann ou.
-
Imajine estrès ou yo ale. Lè w santi w estrèse, sispann sa w ap fè a. Imajine yon sèn pezib. Panse a yon plaj cho oswa yon ti mòn tou vèt, pa egzanp.
-
Idantifye sa ki deklannche estrès ou yo. Plànifye alavans pou w ka evite oswa prepare w pou sa ki deklannche l yo.
-
Limite sitiyasyon yo ak fanmi oswa zanmi ki ka chanje an diskisyon oswa tounen yon rankont estresan.
-
Pratike mwayen pou w vag ti pwoblèm ki estrese w yo.
-
Jwenn fason pou w raple tèt ou pou w itilize resous ki pou ede w jere estrès yo lè w santi nivo estrès ou ap monte.
-
Si w bezwen plis èd ak ide, antre nan yon gwoup sipò. Pataje pwoblèm ak lòt moun ka ede w jere estrès.
Date Last Reviewed:
1/1/2022
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.