Ki sa ki Glokòm nan?
Glokòm se yon maladi nan je ki ka lakoz ou avèg. Si yo jwenn li bonè, yo ka kontwole l. Men souvan li pa gen okenn sentom, donk ou dwe fè ekzamen je regilye yo. Souvan glokòm nan kòmanse lè presyon an fe yon pil nan je a. Presyon sa ka domaje nè optik la. Nè optik la voye mesaj nan sèvo a konsa ou ka wè. Gen 2 glokòm prensipal: ang ouvè ak ang fèmen.

Zòn drenaj la
Je a toujou ap pwodui likid. Zòn drenaj je a ka vin bouche oubyen bloke. Twòp likid rete anndan je a. Sa ogmante presyon je a.
Nè optik
Twòp presyon nan je a ka domaje nè optik la. Si li andomaje, nè sa pa p ka voye mesaj yo nan sèvo a pou w ka wè nòmalman.
Glokòm a ang ouvè
Nou jwenn tip Glokòm a ang ouvè a plis. Sa rive dousman pandan moun nan ap granmoun. Zòn drenaj la ki nan zye a vin bouche. Pa gen ase likid ki koule nan je a, donk presyon a ap fon pil dousman. Sa ka lakoz ou pèdi vizyon lateral (periferik) la dousman. Ou ka pa menm wè chanjman yo jiskaske ou pèdi pi fò vizyon w.
Glokòm a ang fèmen
Yon glokòm a ang fèmen an pa rive ase souvan tankou sa ki a ang ouvè a. Li souvan rive rapid. Zòn drenaj la ki nan zye a vin bloke nèt sibitman. Presyon je a ogmante rapidman. Ou ka remake ou wè flou epi w wè lakansyèl bò limyè yo. Ou ka gen tèt fè mal, anvi vomi, vomisman, ak gwo doulè. Si w pa trete l kounye a, ou ka avèg vit.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.