Health Encyclopedia
Search Patient Education Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Machaswiv pou Egzeyat: Pran Swen Liy Santral Ou

Ou prale lakay ou ak yon liy santral. Yo rele l tou yon aparèy aksè venn santral (CVAD) oswa katetè venn santral (CVC). Yo mete yon ti tib mou (katetè) nan yon venn ki mennen nan kè w. Sa bay medikaman, likid, oswa nitrisyon pandan tretman w, oswa yon konbinezon bagay sa yo si sa nesesè. Yo retire l lè w pa bezwen l ankò. Lakay ou, ou dwe pran swen liy santral ou a pou li kontinye fonksyone. Yon liy santral gen yon gwo risk enfeksyon. Kidonk, ou dwe pran prekosyon anplis nan lave men w epi anpeche gaye mikwòb. Enfòmasyon yo ki anba la a pral ede w sonje sa pou w fè lakay ou.

Chema pwatrin yon gason ki montre kè li ak yon katetè santral.

Konprann wòl ou

Yon enfimye/enfimyè oswa yon lòt founisè swen sante pral aprann oumenm ak moun k ap ba w swen yo fason pou yo pran swen liy santral la. Anvan ou kite lopital la, asire w ke ou konprann kisa pou w fè lakay ou, pandan konbyen tan ou ka bezwen liy santral la, epi kilè ou gen yon vizit pou swivi.

Ekri detay enpòtan sou fason pou pran swen liy santral ou a, sa gen ladan sa ki annapre la yo:

Vizit swivi ki pwograme:

Dat limit pou chanjman pansman liy santral la:

Founisè swen sante ki responsab swen liy santral la ak nimewo telefòn li:

Kimoun pou w rele konsènan enkyetid ak liy santral ou a epi nimewo telefòn li:

Nenpòt lòt enfòmasyon enpòtan:

Pwoteksyon liy santral la

Si liy santral la vin andomaje, li p ap fonksyone byen epi sa ka ogmante risk ou pou trape enfeksyon. Rele ekip swen sante w lan touswit si nenpòt domaj rive. Pou pwoteje liy santral la lakay ou:

  • Prevansyon enfeksyon. Swiv direktiv ki nan fèy sa a pou adopte bon ijyèn men. Pa manyen katetè a oswa pansman an sof si ou oblije. Epi toujou netwaye men w anvan ak apre w vin an kontak avèk nenpòt pati nan liy santral la. Moun k ap ba w swen yo, manm fanmi w yo, ak nenpòt vizitè dwe itilize bon ijyèn pou men tou.

  • Kenbe liy santral la sèk. Katetè a ak pansman an dwe rete sèk. Pa pran beny, pa ale naje, itilize yon basen cho, ni fè lòt aktivite ki ka mouye liy santral la. Pran yon beny eponj pou evite mouye liy santral la, sof si founisè swen sante w di w yon lòt bagay. Mande founisè swen w lan pi bon fason pou kenbe liy lan sèk lè w ap benyen oswa pran douch. Si pansman an vin mouye, chanje li sèlman si yo te montre kijan pou w fè l. Sinon, rele ekip swen sante w lan touswit pou w jwenn èd. Se pou w gen gan pwòp oswa esteril aladispozisyon w si w pral chanje pansman yo sou katetè a.

  • Pa andomaje katetè a. Pa sèvi ak okenn bagay file oswa pwenti ozalantou katetè a. Sa gen ladan l sizo, zepeng, kouto, razwa, oswa nenpòt lòt bagay ki ka koupe li oswa fè yon twou ladan (pèfore li). Epitou, pa kite anyen rale oswa fwote sou katetè a tèlke rad.

  • Siveye siy pwoblèm yo. Fè atansyon ak pati nan katetè a ki sòti nan po w. Si sa chanje nenpòt jan, fè founisè swen sante ou konnen sa. Epitou siveye kote ki fann, ki koule, oswa ki gen lòt domaj. Si pansman an vin sal, li lach, oswa mouye, chanje l (si yo te mande pou w fè l). Oswa rele ekip swen sante w la touswit. Epitou rele touswit si w gen ogmantasyon doulè, anfleman, woujè, oswa senyen nan zòn lan.

  • Mande founisè swen sante w si gen nenpòt mouvman oswa aktivite ou dwe evite pandan w gen yon liy santral. D

  • Enfòme ekip swen sante w si w vomi oswa w gen yon tous grav. Sa kapab fè katetè glise soti nan plas li tou.

Risk pou kayo san

Si yon kayo san fòme, li ka bloke sikilasyon san nan venn kote yo mete katetè a. Siy yon kayo san gen ladan doulè oswa anfleman nan kou, figi, pwatrin oswa bra w. Si w gen nenpòt nan sentòm sa yo, rele founisè swen sante w touswit. Ou ka bezwen yon egzamen ekografik pou detekte kayo san an. Ou ka trete tou avèk yon antikowagilan.

Anpeche enfeksyon avèk bon ijyèn men

Yon liy santral ka kite jèm antre nan kò w. Sa ka mennen nan enfeksyon grav epi pafwa ki ka mòtèl. Pou anpeche enfeksyon, li enpòtan anpil pou oumenm, moun k ap ba w swen, ak lòt moun ki bò kote w sèvi ak bon ijyèn pou men. Sa vle di lave men ou byen avèk savon ak dlo, epi netwaye yo ak yon jèl pou men ki abaz alkòl selon jan yo di w. Pa janm manyen liy santral la oswa pansman an san itilize youn nan metòd sa yo toudabò.

Pou lave men ou avèk savon ak dlo:

  1. Mouye men w avèk dlo pwòp. (Pa sèvi ak dlo cho. Sa ka lakòz iritasyon po lè w lave men w souvan.)

  2. Mete ase savon pou kouvri tout sifas men w, ansanm ak dwèt ou yo tou.

  3. Fwote men ou ansanm rapidman pandan omwen 20 segonn. Asire ou fwote devan ak dèyè chak men jouk rive nan ponyèt ou, dwèt ou ak zong dwèt ou, fant dwèt yo, ak chak gwo pous.

  4. Rense men w avèk dlo pwòp.

  5. Seche men w nèt ak yon nouvo sèvyèt an papye ki poko sèvi. Pa sèvi avèk sèvyèt an twal ni lòt sèvyèt ki ka resèvi. Sa yo kapab kache jèm.

  6. Sèvi ak sèvyèt an papye a pou w fèmen wobinèt la, apresa jete li. Si w nan yon twalèt, sèvi ak yon sèvyèt an papye tou pou w ouvè pòt la olye ou manyen manch lan.

Lè w pa gen aksè ak savon ak dlo: Itilize jèl pou men abaz alkòl pou netwaye men w. Jèl la dwe gen omwen 60% alkòl. Kite jèl alkòl la seche konplètman. Swiv direktiv ki sou anbalaj la. Ekip swen sante w ka reponn nenpòt kesyon ou gen sou lè pou sèvi ak jèl pou men, oswa lè li pi bon lave avèk savon ak dlo.

Kilè pou w rele founisè swen sante w

Rele founisè swen sante w oswa chèche swen medikal touswit si ou gen nenpòt nan sa ki annapre la yo:

  • Doulè oswa boule nan zepòl, pwatrin, do, bra, oswa janm ou

  • Lafyèv nan 100,4° F ( 38,0°C) oswa pi wo

  • Frison

  • Siy enfeksyon nan sit katetè a (doulè, woujè, ekoulman, sansasyon boule, oswa pikotman)

  • Tous, respirasyon siflan, oswa souf kout

  • Yon batman kè rapid oswa batman kè iregilye

  • Misk rèd oswa pwoblèm pou bouje

  • Bri glòtglòt ap soti nan katetè a

  • Katetè a sot tonbe, li kase, fann, koule, oswa li gen lòt domaj

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.