Search Patient Education Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann gastrit la

Gastrit la se yon enflamasyon ki bay doulè nan mikez lestomak la. Li gen plizyè koz. Gastrit la ak sentom li yo ka vinn miyò avèk tretman. Travay avèk founisè swen sante w la pou jwenn mwayen pou trete sentom ou yo.

Viwonn yon fanm k ap montre bouch la, ezofaj la, ak lestomak la.

Lestomak la

Pou dijere manje w manje yo, lestomak ou pwodwi asid ak anzim ki fò. Yon lestomak ki an sante gen defans anndanl ki pwoteje mikez li de domaj asid ak anzim sa yo lakoz.

Lè w gen yon gastrit

Asid yo ka andomaje mikez lestomak la lè defans ki anndan lestomak la pa fonksyone jan l ta dwe a. Alò mikez lestomak la ka vin anfle. Lè sa rive, yo rele sa gastrit.

Koz gastrit la

Gastrit la gen anpil koz. Pami yo ka genyen:

  • Aspirin ak antienflamatwa ki pa stewoyidyen (NSAIDs)

  • Konsomasyon tabak

  • Konsomasyon alkòl

  • Bakteri elikobaktè pilori (H. pilori)

  • Twomatis blese, boule, oubyen yon gwo operasyon lakoz.

  • Konsomasyon kokayin

  • Espozisyon nan radyasyon yo.

  • Maladi grav oubyen maladi otoimin

Sentom nou jwenn plis yo

Avèk gastrit la, ou ka remake youn oubyen plizyè nan sa yo:

  • Ou santi anlè vant ou ap boule w

  • Doulè ki vini lè w fin manje kèk manje

  • Gaz oubyen sansasyon lestomak ou balonnen

  • Rann gaz nan bouch anpil

  • Anvi vomi avèk oubyen san vomisman

  • Pèdi apeti

  • Santi w plen byen vit

  • San nan vomi

  • Twalèt ki sanble nwa ak goudonnen

  • Ou blèm

  • Fatig

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.